Austin Holmes, pwochen anbasadè ameriken ann Ayiti, pase devan Sena a

Ekri pa Prisca Macena
1 minit lekti
Austin Holmes, prezidan Donald Trump chwazi kòm anbasadè Etazini ann Ayiti, te pase devan komisyon Afè etranjè Sena ameriken an jedi 19 novanm nan, pandan yon seyans sou plizyè nominasyon.
« Mwen apresye efò administrasyon sa a ap fè pou konfwonte gang yo, diminye ensekirite epi pataje chay la pi byen ak kominote entènasyonal la, pou kanpe migrasyon an mas epi evite plis vyolans », prezidan komisyon an, senatè Jim Risch, di l. « Kontinye travay sa a ap esansyèl kòm anbasadè ann Ayiti, e mwen espere tande sa ou planifye pou sa. »
Yo te voye nominasyon li bay Sena a nan mitan mwa septanm. Austin Holmes dirije RallyX, yon gwoup antrepriz nan sante, konstriksyon, defans ak transpò. An fevriye, devan yon soukomisyon Sena a, li te defann lide pou sekirite vin anvan tout bagay.
Pou l pran fonksyon l, komisyon an dwe apwouve l toujou, epi Sena a dwe konfime l.
Article corrigé le 20 novembre 2026.
Videyo
Pou w gade kounye a.
Sen. Jim Risch, « Chairman Risch Opening Remarks at Nominations Hearing on November 19 »
The Haitian Times, « Trump nominates Austin Holmes as U.S. ambassador to Haiti » (16 sept. 2026)



Kòmantè 0