De sòlda salvadoryen mouri, de lòt blese nan yon eksplozyon nan yon kan ann Ayiti

Ekri pa Desir Dorcely
1 minit lekti
De sòlda salvadoryen ki deplwaye ann Ayiti mouri, e de lòt blese vandredi 20 novanm nan, nan yon eksplozyon ki fèt pandan yo t ap manyen eksplozif nan youn nan kan yo, Fòs ame Salvadò a anonse sou rezo X.
De blese yo ap resevwa swen medikal, lame salvadoryen an presize, san li pa bay non viktim yo, ni ki kote kan an ye, ni egzakteman sa ki lakòz eksplozyon an.
Se premye ensidan kote gen moun ki mouri nan kontenjan salvadoryen an depi li deplwaye ann Ayiti, dapre ajans EFE. Gen plis pase 2 000 militè salvadoryen nan peyi a, nan kad akò kowoperasyon kont gang yo, epi y ap chèche tou kat nan sòlda yo ki disparèt depi yon anbiskad 18 oktòb.
Videyo
Pou w gade kounye a.
Sous El Diario de Hoy, « Dos soldados salvadoreños murieron en Haití » (20 nov. 2026)
NAGO News, « Accord de coopération entre Haïti et le Salvador entériné »



Kòmantè 0