Ale dirèkteman nan atik la

#SPORT · An dirèk · United States

Grenadye yo: Bellegarde, Duverne ak Pierrot blese, yo p ap jwe kont Etazini

Photo
FotoPhotos : A Bola · Livesport · Patriot Ledger ·
0

Ekri paNAGO News

1 minit lekti

Mityetan Jean-Ricner Bellegarde p ap jwe match kar final Lig des Nations CONCACAF la ant Ayiti ak Etazini. Ekip li a, Wolverhampton Wanderers, anonse l fofè akòz yon blesi yo di ki pa grav.

Federasyon Ayisyen Foutbòl (FHF), òganizasyon ki dirije foutbòl ann Ayiti, anonse madi 10 novanm de lòt Grenadye p ap la tou. Se defansè Jean-Kévin Duverne ak atakan Frantzdy Pierrot. Tou de blese. Ekip la fè premye antrennman li Miami lendi.

Bellegarde, ki te make premye gòl li ak Ayiti kont Kosta Rika nan mwa septanm, te youn nan 25 jwè antrenè David Badia te konvoke yo.

De match nan kat jou

Grenadye yo ap fè yon estaj Miami. Match premye a, yo make l kòm match Ayiti ap jwe lakay li, ap jwe samdi 14 novanm 2026 nan NU Stadium nan Miami a 4 è edmi nan apremidi (lè Lès). Match retou a ap fèt madi 17 novanm nan TQL Stadium nan Sensinati a 7 è di swa.

Match la te dwe fèt Kingston, nan Jamayik, depi nan kòmansman. CONCACAF te dakò pou Ayiti resevwa Etazini sou tè ameriken an akòz sitiyasyon sekirite a nan peyi a.

Article corrigé le 10 novembre 2026.

Plis sou istwa sa a

← Retounen nan fil an dirèk la

Kòmantè0

An editor reads every comment before it appears. NAGO does not publish a comment it has not read.

  • N ap chaje kòmantè yo…