#NOUVÈL · An dirèk
Lamine Yamal p ap jwe kont Sabah nan Lig Chanpyon an

Ekri pa Prisca Macena
1 minit lekti
FC Barcelone fè konnen lendi Lamine Yamal, jwè mitan tèren an, p ap jwe match kont Sabah mèkredi a, paske cheviy dwat li ap fè l mal. Nan yon kominike medikal klib la pibliye jou sa a, klib espayòl la di jwè a p ap la pou match sa a. Men l ta dwe disponib pou l fè fas ak Deportivo dimanch k ap vini an.
Yo wè pwoblèm nan pandan jwè yo t ap chofe kò yo anvan match kont Villarreal samdi pase a. Yamal jwe tout match sa a, men li gen yon ti doulè nan cheviy dwat li. Ekip medikal katalan an pa vle pran okenn risk. Se poutèt sa yo kenbe l deyò pou match ewopeyen sa a.
Klib espayòl la pa di egzakteman ki sa ki lakòz doulè a. Men sanble pwoblèm nan p ap dire. Li pa ta dwe deranje plan FC Barcelone lontan. Ekip medikal la pran desizyon an pou evite yon vwayaj an Azèbaydjan ki te ka fè eta jwè a vin pi mal.
► Mo kle yo
Match la : yon match ; yon jwè ; yon klib ; Lig Chanpyon an ; jwe ; yon vwayaj
Sante : yon doulè ; yon cheviy ; yon kominike medikal ; ekip medikal la ; yon risk ; eta jwè a
Videyo
Pou w gade kounye a.
Sous Foot Mercato



Kòmantè 0