Manifestasyon : PNH avèti l ap aplike lalwa kont moun ki vle simen dezòd

Ekri paNAGO News
2 minit lekti
Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) avèti, lendi 16 novanm, nenpòt moun ki ta sèvi ak yon manifestasyon pou pwovoke dezòd. Nan yon kominike Direksyon kominikasyon li (DIKOP) pibliye Taba, enstitisyon an di li « pap tolere » zak vyolans, atak sou moun, destriksyon byen piblik oswa prive ak twoub lòd piblik moun ta fè anba pretèks manifestasyon, e l ap arete moun ki enplike yo.
Lapolis raple òganizatè yo obligasyon yo genyen pou yo respekte lalwa, sitou pou yo enfòme otorite konsène yo pou pi piti 2 jou avan nenpòt rasanbleman sou vwa piblik la, epi kowòdone ak fòs lòd yo. Manifestasyon yo, li di, dwe fèt nan respè lalwa, san vyolans, san zak vandalis epi san menas pou lavi moun ak byen yo.
PNH la esplike avètisman sa a ak sitiyasyon sekirite a. Pandan l ap ranfòse operasyon li yo nan plizyè zòn nan peyi a pou « derasinen gang teworis yo », gen kèk moun ki pwofite manifestasyon yo pou fè zak vandalis ak simen latwoublay, dapre kominike a, e gen posiblite moun ak zam antre nan rasanbleman yo. Yon sitiyasyon konsa ka fòse Lapolis deplase fòs li yo pou jere dezòd sa yo, sa k ap detounen operasyon kont gang yo.
Kominike a envite òganizatè manifestasyon ki prevwa pou jou k ap vini yo pou yo pran kontak ak responsab fòs lòd yo pou kowòdone dispozisyon sekirite ki nesesè yo. Lapolis reyafime angajman li pou pwoteje lavi ak byen moun sou tout teritwa a epi kenbe lòd piblik.
Tèks la pa site okenn manifestasyon an patikilye. Li soti pandan gen apèl pou moun manifeste ant 16 ak 18 novanm, sitou pou sipòte prezidan salvadoryen Nayib Bukele nan batay kont gang yo epi mande depa Premye minis Alix Didier Fils-Aimé.
Sou rezo sosyal yo, piblikasyon lapolis la fè anpil moun reyaji, e plizyè ladan yo di enstitisyon an ta dwe aplike lalwa sou gang yo anvan.
Videyo
Pou w gade kounye a.
Rezo Nòdwès, appel à manifester du 16 au 18 novembre (15 nov. 2026)
NAGO News, « Manifestations pour Bukele et contre Fils-Aimé du 16 au 18 novembre »
Ekri paNAGO News



Kòmantè0