Koup di Mond fanm 2031 : Jamayik ap òganize l ansanm ak Etazini, Meksik ak Costa Rica

Ekri pa Prisca Macena
1 minit lekti
Koup di Mond fanm FIFA 2031 la pral jwe Ozetazini, Meksik, Costa Rica ak Jamayik. Kongrè ekstraòdinè FIFA a, ki te reyini Zurich lendi 23 novanm 2026, konfime kandidati kat peyi sa yo, ki pa t gen okenn lòt kandida devan l.
Tounwa a pral pase soti 32 pou rive 48 ekip ak 104 match, sa ap fè l pi gwo edisyon nan istwa l. Se premye fwa Jamayik, Meksik ak Costa Rica ap resevwa konpetisyon sa a.
Kingston nan lis vil kandida yo
Dosye a pwopoze anviwon ven vil: katòz Ozetazini, kat Meksik, epi San José nan Costa Rica ak Kingston nan Jamayik. Lis final vil ak estad yo poko fikse.
Se twazyèm fwa Etazini ap resevwa tounwa a, apre 1999 ak 2003.
Plis plas pou rejyon an
Paske tounwa a ap gen 48 ekip, ekip nan zòn Concacaf la, kote Ayiti ye, ta dwe jwenn plis plas. FIFA poko anonse konbyen plas chak konfederasyon ap genyen.
Article corrigé le 23 novembre 2026.
Videyo
Pou w gade kounye a.
Photo : Ank Kumar (Wikimedia Commons) · CC BY-SA 4.0



Kòmantè 0