Pari : anbasadè Ayiti Louino Volcy pran prezidans gwoup anbasadè Amerik latin ak Karayib yo

Ekri pa NAGO News
1 minit lekti
Anbasadè Ayiti an Frans, Louino Volcy, ap okipe prezidans pwo tanpore Gwoup anbasadè Amerik latin ak Karayib yo (GALA) nan Pari, anbasad Ayiti an Frans anonse madi 24 novanm nan.
Kòm chèf gwoup sa a, se li ki pou konvoke reyinyon chak mwa a, resevwa pèsonalite k ap pase, pran lapawòl epi pran inisyativ nan non anbasadè yo, dapre anbasad la.
Pou premye reyinyon mansyèl li, gwoup la te resevwa minis Afè etranjè ak Kilt Ayiti a, Raina Forbin, nan yon dejene travay nan Mezon Amerik latin nan, pandan vizit ofisyèl li an Frans mwa sa a.
Diplomat ayisyen an di li kontan paske l ap ka pote vwa tout rejyon an devan otorite ak enstitisyon fransè yo. Anons sa a fèt menm jou ak anons eleksyon Ayiti nan prezidans komisyon administratif ak finansye Òganizasyon entènasyonal Frankofoni an.
Videyo
Pou w gade kounye a.
Ekri pa NAGO News



Kòmantè 0