PNH: 1 200 aspiran polisye antre nan fòmasyon nan Lekòl nasyonal polis la

Ekri paNAGO News
1 minit lekti
Lekòl nasyonal polis la (ENP) louvri dimanch 15 novanm, nan Petyonvil, fòmasyon 38yèm pwomosyon Polis nasyonal d Ayiti a. Li gen 1 200 aspiran polisye, 263 fanm ak 937 gason, dapre PNH.
Pwomosyon sa a se 4yèm kòwòt pwogram P4000+ la, ki vle ogmante kantite polisye nan enstitisyon an epi ranfòse kapasite operasyonèl li sou tout teritwa nasyonal la.

Premye konsiy yo
Seremoni an fèt devan direktè santral administratif ak sèvis jeneral yo (DCA/SG), enspektè jeneral Alain Auguste, direktè Lekòl nasyonal polis la, komisè divizyonè Joseph Rolind Jean Louis, ak plizyè manm pèsonèl lekòl la.
Aspiran yo resevwa premye konsiy sou egzijans fòmasyon an ak sou valè fondamantal Polis nasyonal la, ke yo dwe respekte, dapre PNH, « pa sèlman pou peryòd fòmasyon an, men pandan tout karyè yo ».
Rantre sa a fèt pandan lapolis, ansanm ak Task Force la ak sòlda salvadoryen yo, ap mennen operasyon kont gang yo nan zòn Pòtoprens.
Videyo
Pou w gade kounye a.



Kòmantè0