Sekirite : 5 baz operasyonèl avanse pou PNH ak GSF nan Kenskòf, Taba, Akayè, Gresye ak Pòtoprens

Ekri pa NAGO News
1 minit lekti
Yo prevwa enstale 5 Baz Operasyonèl Avanse (FOB) nan komin Kenskòf, Taba, Akayè, Gresye ak Pòtoprens pou Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Fòs Represyon Gang yo (GSF), se sa Direksyon kominikasyon PNH la anonse mèkredi 25 novanm nan.
Dapre lapolis, baz sa yo dwe ranfòse kapasite entèvansyon, mobilite ak kowòdinasyon ant PNH ak GSF. Yo la tou pou konsolide zòn ki deja rekipere nan men gang yo, pou anpeche gwoup ame yo retounen ladan yo, epi pou garanti yon sistèm sekirite ki estab pou kominote yo ka viv pi trankil.
Se Inyon Ewopeyen ki finanse pwojè a, epi se Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) k ap egzekite l. PNH pa bay okenn dat pou baz yo louvri. Foto lapolis pibliye yo montre yon chantye k ap fèt.
Anons lan tonbe nan yon moman kote plizyè nan komin sa yo, tankou Kenskòf ak Akayè, te sibi atak gang nan dènye mwa yo, e kote kèk moun kòmanse retounen nan katye fòs lòd yo rekipere.
Videyo
Pou w gade kounye a.



Kòmantè 0