Sid : lapolis libere twa adolesan yo te kenbe kòm otaj Okay

Ekri pa Prisca Macena
1 minit lekti
Polis nasyonal d Ayiti (PNH) libere twa adolesan, ki gen 14, 14 ak 16 an, yo te kenbe kòm otaj nan depatman Sid la, enstitisyon an anonse lendi 23 novanm 2026 la.
Dapre lapolis, yo te kidnape twa jèn fi yo vandredi 13 novanm 2026, selon enfòmasyon lapolis nan depatman Nip la te genyen. Ajan yo libere yo nan lokalite Chapantye, nan komin Okay, kote kidnapè yo te sekestre yo nan yon kay.
PNH pa di si gen moun ki arete, ni kijan entèvansyon an te pase. Li di l ap kontinye ankèt yo pou l mete men sou tout moun ki gen men yo nan dosye sa a.
Nan nòt li a, enstitisyon polis la di li toujou detèmine pou l pwoteje lavi ak byen chak sitwayen.
Videyo
Pou w gade kounye a.
Sous Police nationale d'Haïti (Instagram), « Lapolis nan depatman Sid libere 3 otaj » (23 nov. 2026)
Plis sou istwa sa a
Intempéries : huit morts et 11 884 familles sinistrées, le bilan s’alourdit dans le Grand SudLe bilan des intempéries qui frappent Haïti depuis le samedi 24 octobre s’est alourdi. Dans son rapport de situation n° 3, publié …Matisan, MonCash, Vètyè : sa PNH retni nan semèn li anPolis nasyonal d Ayiti (PNH) pibliye vandredi 20 novanm nan 32yèm nimewo rezime chak semèn li, « PNH 10-14 ». Ladan l, li mete aks…Jeremi : plizyè moun arete nan Platon, pami yo yon pwòch chèf gang Mikanò, dapre lapolisMizajou, samdi 22 novanm: se plizyè inite polis Grandans ki te fè operasyon an byen bonè vandredi, dapre yon medya ayisyen. Pami m…


Kòmantè 0