#NOUVÈL · An dirèk · États-Unis
Vèmont : yon jij federal bay lòd pou yo lage doktè ayisyen Olivier Veillard, ICE te arete

Ekri pa Prisca Macena
2 minit lekti
Yon jij federal bay lòd lendi 23 novanm pou yo lage touswit Olivier Veillard, yon doktè ayisyen 34 an ki t ap travay kòm enfimye swen palyatif nan Vèmont, apre plis pase de semèn nan prizon lapolis imigrasyon (ICE), paske li te pran move wout toupre fwontyè Kanada a.
Jij Geoffrey Crawford di li « boulvèse anpil » paske ICE pa t mennen prizonye a nan pwòp odyans li, de fwa, sa ki vyole dwa fondamantal li genyen pou yon pwosedi kòrèk. « Dosye sa a gen bagay ki pa mache ki pa respekte egzijans Konstitisyon an », li deklare.
Dapre avoka l yo, 8 novanm, Olivier Veillard te pran move sòti sou otowout 89 pandan l t ap soti kay yon pasyan pou l al kay yon lòt, toupre Highgate, ti vil nan nò Vèmont kote l rete a, epi li te rive sou fwontyè Kanada a. Yo te renmèt li bay lapolis fwontyè ameriken an, ki te arete l paske estati legal li te ekspire, apre sa yo transfere l bay ICE e yo kenbe l nan yon prizon nan nò Vèmont.
Li te antre legalman Ozetazini an 2021 ak yon viza, epi li te jwenn Estati pwoteksyon tanporè a (TPS), administrasyon Trump nan te mete fen ak li pou Ayiti ete sa a. Li te mande azil anvan pwogram nan fini, e demann sa a toujou ap swiv kou li. Jij la dekri l kòm yon egzanp moun k ap chèche respekte pwosedi imigrasyon an, e li estime li pa t vyole lalwa, men li te fè « yon ti erè kondwit ki pa grav ».
Plizyè dizèn moun ki sipòte l t ap tann devan tribinal federal Burlington lan. Soti nan prizon St. Albans, Olivier Veillard di yo mèsi nan telefòn anvan yo lage l nan apremidi a. Dapre avoka li, Bria Yazic, nan Vermont Asylum Assistance Project, li pral ka retounen lakay li, kontinye pwosedi imigrasyon li e, li espere, kontinye travay kòm enfimye. ICE pa reponn medya lokal yo ki te mande l kòmantè.
Videyo
Pou w gade kounye a.
Ekri pa Prisca Macena



Kòmantè 0