Ale nan kontni prensipal la

#NOUVÈL · Kounye a · Lwès

Alix Didier Fils-Aimé vizite sòlda salvadoryen yo nan baz yo

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak yon ofisye salvadoryen pandan vizit li nan baz la, 22 novanm 2026.
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ak yon ofisye salvadoryen pandan vizit li nan baz la, 22 novanm 2026.Image : capture vidéo du compte X d'Alix Didier Fils-Aimé · Primature
0

Pa Desir Dorcely

1 minit lekti

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé te vizite sòlda salvadoryen ki deplwaye ann Ayiti yo nan baz yo, dimanch 22 novanm nan, jan li te anonse l nan aswè a sou kont X li, ak yon videyo.

Dapre chèf gouvènman an, diskisyon li te genyen ak jeneral ki dirije misyon an te sou plan sekirite nasyonal la ak estrateji pou konsolide chak avanse. Yo te pale tou sou wòl chak enstitisyon ki angaje nan batay kont gang yo sou tout teritwa a: Polis nasyonal d Ayiti, Fòs ame d Ayiti, fòs salvadoryen yo ak Fòs pou kraze gang yo (FRG). « Gang yo pap gen dòmi nan je », li ekri.

Premye minis la di li te pwofite vizit la pou l prezante, nan non gouvènman an ak tout pèp ayisyen an, solidarite Ayiti bay fòs salvadoryen yo, ki te pèdi twa sòlda pandan yo t ap manipile eksplozif nan yon kan militè ann Ayiti 20 novanm nan. Nan videyo a, li pale ak militè yo ki te rasanble nan yon sal nan baz la, apre sa li pale ak kèk ofisye deyò.

Yo pa di ki kote baz la ye. Vizit la fèt kèk jou apre Konsèy minis yo te apwouve akò koperasyon ant Ayiti ak Salvadò a, 17 novanm.

Sou menm sijè a

← Kounye a

Kòmantè 0

Yon editè li chak kòmantè anvan li parèt. NAGO pa pibliye yon kòmantè li pa li.

  • N ap chaje kòmantè yo…