Ale nan kontni prensipal la

#NOUVÈL · Kounye a

Atansyon : Valerio Canez denonse yon fo kont TikTok k ap vann mèb sou non li

Avi Valerio Canez S.A. bay piblik la sou fo kont TikTok la, 26 novanm 2026 (dokiman : Valerio Canez S.A.)
Avi Valerio Canez S.A. bay piblik la sou fo kont TikTok la, 26 novanm 2026 (dokiman : Valerio Canez S.A.)Document : avis au public de Valerio Canez S.A. (26 nov. 2026)
0

Pa NAGO News

2 minit lekti

Antrepriz ayisyen Valerio Canez S.A. ap avèti piblik la sou yon kont TikTok fwod ki itilize non li ak imaj li san otorizasyon pou vann mèb ak lòt machandiz. Avi a, direksyon jeneral la siyen, te pibliye 26 novanm 2026 sou kont Instagram ofisyèl antrepriz la.

Dapre avi a, fo kont lan ap travay ak yon nimewo telefòn ki pa gen okenn rapò ak antrepriz la, +(509) 4238-3575. Valerio Canez di li pa gen « okenn lyen » ak moun k ap jere kont sa a oswa k ap itilize nimewo sa a.

Antrepriz la di li pa reskonsab okenn kòmand, angajman oswa peman moun fè ak kont sa a: li p ap livre machandiz, li p ap ranbouse lajan moun peye, ni li p ap respekte okenn angajman ki pran nan kanal sa a.

Direksyon jeneral la mande piblik la pou l veyatif, pou l pa bay okenn enfòmasyon pèsonèl oswa bankè, epi pou l pa fè okenn peman sou baz enfòmasyon ki soti nan kont sa a. Kliyan yo dwe pase sèlman nan magazen antrepriz la, ak reprezantan otorize li yo ak kanal ofisyèl li yo.

Valerio Canez di li kenbe dwa pou l mennen aksyon an jistis kont moun ki dèyè sa. Avi a pa di depi kilè fo kont lan ap fonksyone, ni si gen kliyan ki deja pèdi lajan.

Anvan w fè yon kòmand sou entènèt sou non yon antrepriz, verifye kont lan se vre kont antrepriz la bay sou kanal ofisyèl li yo, epi pa fè konfyans nimewo telefòn ki pa parèt la. Nimewo ofisyèl Valerio Canez yo ekri anlè avi a (Delmas, Chateaublond, Okap).

Sou menm sijè a

← Kounye a

Kòmantè 0

Yon editè li chak kòmantè anvan li parèt. NAGO pa pibliye yon kòmantè li pa li.

  • N ap chaje kòmantè yo…