#NOUVÈL · Kounye a · Repiblik Dominikèn
Ayiti : yon espesyalis dominiken mande entèlijans ak dyalòg olye yon « modèl Bukele »

Pa NAGO News
2 minit lekti
Espesyalis dominiken nan sekirite ak defans Yelandra Sánchez di kriz sekirite ann Ayiti a mande yon estrateji ki mete ansanm entèlijans, konpreyansyon estrikti pouvwa yo ak mekanis dyalòg ak gwoup ame yo. Li se yon avoka, epi li te pale mèkredi 25 novanm nan emisyon « En El Foco », Uzzilis Encarnación anime sou platfòm dijital El Nuevo Diario TV, nan Sendomeng.
Dapre li, metòd prezidan salvadoryen Nayib Bukele te itilize kont gang nan peyi li pa ka kopye jan yo ye ann Ayiti. Nan Salvadò, li esplike, Leta t ap fè fas ak estrikti kriminèl ki te kontwole anpil teritwa, alòske ann Ayiti gen anpil gwoup ame ki fè alyans youn ak lòt e ki gen enfliyans nan diferan zòn. Kidonk fò w konprann anvan kijan òganizasyon sa yo fonksyone, ki lyen yo genyen ak ki enterè ki dèyè operasyon yo.
Yelandra Sánchez pale tou sou limit fòs miltinasyonal ki deplwaye ann Ayiti a. Dapre li, kapasite fòs la pou l entèvni te depann de manda li ak bezwen pou l jwenn sipò otorite lokal yo. Sou anbiskad kont solda salvadoryen yo, li di gen kèk bagay nan operasyon sovtaj yo ki poko klè, e li mande pou moun fè atansyon ak vèsyon k ap sikile sou sa ki rive solda yo.
Espesyalis la di yo pa ka analize kòman gang ayisyen yo fèt ak kòman yo grandi san yo pa gade lyen yo ka genyen ak sektè politik ak ekonomik. Li site Jimmy Chérizier, yo rele « Barbecue », ak lòt chèf gwoup ame, epi li di fò yo egzamine pakou yo pou konprann evolisyon vyolans lan. Chérizier se yon ansyen polisye, ki anba sanksyon ONI.
Pou garanti eleksyon, Yelandra Sánchez di, nan pwen de vi entèlijans, li nesesè pou yo evalye posiblite pou yo pale ak kèk gwoup ame pou diminye risk vyolans epi antisipe sabotaj. Pwosesis elektoral la, li konkli, ap depann de kijan sekirite a evolye ak volonte diferan aktè yo pou yo kolabore.
Opinyon sa yo se pa l sèlman. Otorite ayisyen yo poko reyaji. Gouvènman ayisyen an te fè apèl ak solda salvadoryen, ki deplwaye Pòtoprens depi fen oktòb.
Videyo
Pou gade kounye a.
Pa NAGO News



Kòmantè 0