#NOUVÈL ·An dirèk · Cap-Haïtien
« Soti nan chenn rive nan libète » : BRH montre istwa ekonomik Ayiti Okap

Ekri paNAGO News
2 minit lekti
Bank Repiblik d Ayiti (BRH) inogire vandredi 13 novanm ekspozisyon « Des chaînes à la liberté: les mutations de l'économie d'Haïti » (Soti nan chenn rive nan libète: chanjman ekonomi Ayiti), nan Mize BRH, nan siksisal li Okap. Konsèy administrasyon bank santral la te la pou vènisaj la.

Ekspozisyon an retrase gwo etap ekonomi ayisyen an, depi epòk kolonyal ak esklavaj la rive nan chanjman ki vin apre Endepandans lan. Objektif li, dapre enstitisyon an: konprann pase a pou pi byen panse avni ekonomik peyi a.

Okap, vil lò kolonyal la ak libète a
Se pa pa aza yo chwazi Okap. Vil la te kapital Sendomeng, koloni ki te pi rich nan Antiy yo, ki te bati sou travay esklav yo, anvan li tounen youn nan bèso libète ayisyen an.
Louvri pou piblik la jiska 20 novanm
Ekspozisyon an louvri pou piblik la soti 13 rive 20 novanm, de 9è a 3è, nan reprezantasyon BRH Okap, ri 15-16A. Li mete aksan sou peryòd fondatè 1804 rive 1843: soti nan Desalin rive nan Boyer, pase pa Kristòf ak Petyon, kijan premye dirijan yo te òganize resous, pwodiksyon ak finans piblik yo apre Endepandans lan.

Yon konferans samdi a
Rankont yo ap kontinye samdi 14 novanm sa a ak yon konferans-deba ki rele « Héritages, défis et perspectives » (Eritaj, defi ak pèspektiv), nan Hostellerie du Roi Christophe, Okap.
Videyo
Pou w gade kounye a.
Sakapfet Okap, vernissage au Musée de la BRH (Instagram, 14 nov. 2026)



Kòmantè0