FHF finalis pou tit « League of the Year » nan Clio Sports Awards 2026, ansanm ak FIFA ak NFL

Pa NAGO News
1 minit lekti
Federasyon Foutbòl Ayiti (FHF) se youn nan finalis pou tit « League of the Year » nan Clio Sports Awards 2026, yon seri pri ki rekonpanse kominikasyon ak maketing nan espò. Li kanpe bò kote FIFA, NFL, MLB, ak federasyon foutbòl Angletè ak Japon, federasyon an anonse mèkredi 25 novanm nan. Y ap anonse gayan an 8 desanm nan Nouyòk.
FHF di nominasyon sa a se rezilta kat ane travay ak patnè l Koteyo pou « transfòme fason moun wè foutbòl ayisyen ak fason yo rakonte istwa li atravè mond lan ». Li felisite ekip kominikasyon l, Koteyo, reyalizatè Léo Volcy ak ekip li, ansanm ak DJ e pwodiktè Michael Brun.
Fim « Grenadye Alaso! 1974–2026 », ki rakonte chemen seleksyon an depi premye Koup di Mond li an 1974 rive nan sa 2026 la, deja genyen twa pri Clio, dapre federasyon an.
Tit « League of the Year » la ale bay òganizasyon ki rasanble plis pwen nan twofe Clio pou kanpay ki fè pwomosyon pa l. Seremoni Clio Sports Awards la pwograme pou madi 8 desanm nan Edison Ballroom, Nouyòk.
Videyo
Pou gade kounye a.
Sous Fédération haïtienne de football (Instagram), 25 novanm 2026



Kòmantè 0