Ale nan kontni prensipal la

#NOUVÈL · Kounye a · Ayiti

Fils-Aimé ap pran wout pou Salvadò le 16 ak 17 novanm pou diskite sou avni sòlda yo

0

Pa NAGO News

1 minit lekti

Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ap ale Salvadò lendi 16 ak madi 17 novanm 2026 pou l diskite sou avni apeprè 2 000 sòlda salvadoryen ki deplwaye an Ayiti, dapre vis-prezidan salvadoryen an, Félix Ulloa.

« Premye minis lan deja konfime m li pral prezan, epi n ap gen okazyon pou n pale sou avni fòs sa a », se sa Félix Ulloa di. Chèf gouvènman ayisyen an ap patisipe tou nan yon konferans entènasyonal sou eta demokrasi a.

Pa gen konfimasyon pou yon rankont ak Bukele

Yon responsab nan gouvènman salvadoryen an konfime vizit la lendi. Pa gen anyen ki montre si Fils-Aimé ap rankontre prezidan Nayib Bukele dirèkteman.

Yo poko fikse okenn dat pou sòlda salvadoryen yo tounen. Dapre Félix Ulloa, Salvadò pa vle ranplase Fòs Repkrèsyon Gang yo (FRG) ONU ap sipòte a, epi Leta salvadoryen an ap peye tout depans operasyon an.

Deplwaman an anba presyon

Vizit la fèt pandan deplwaman an ap lakòz tansyon. Chaje d afè ameriken an Ayiti mande pou operasyon salvadoryen yo sispann, sa San Salvador konteste, epi Amnesty International mande pou yo pibliye akò ki fikse kad prezans sòlda yo.

Salvadò voye sòlda li yo apre anbiskad 18 oktòb la kont yon veyikil FRG nan Santo, Kwadebouke, kote kat Salvadoryen disparèt.

Article corrigé le 10 novembre 2026.

Sou menm sijè a

Yon diplomat ameriken mande Fils-Aimé sispann operasyon Salvadò yo an AyitiChaje dafè Etazini an Ayiti, David Howell, mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé pou l fè operasyon militè Salvadò yo kont gang…10 novanm 2026 a 13è46 · NOUVÈLLe Salvador confirme plus de 2 000 soldats en Haïti pour retrouver ses quatre aérotechniciensL'annonce figure dans un communiqué du ministère salvadorien des Affaires étrangères publié sur son compte X, selon l'Associated P…29 oktòb 2026 a 15è19 · NOUVÈLSalvadò : Nayib Bukele depoze kandidati l pou yon twazyèm manda an 2027Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, depoze kandidati li jedi 19 novanm nan devan Tribinal siprèm elektoral la (TSE) pou eleksyon pre…Sa gen 5 jou · NOUVÈLAmnesty mande Ayiti ak Salvadò pibliye akò sou deplwaman sòlda salvadoryen yoAmnesty International mande gouvènman Ayiti ak gouvènman Salvadò a pou yo fè piblik akò ki fikse règ pou deplwaman apeprè 2 000 mi…10 novanm 2026 a 13è49 · NOUVÈLRubio vle 2 000 sòlda salvadoryen yo kite Ayiti pi vit posibSekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, di Washington vle anviwon 2 000 sòlda salvadoryen ki deplwaye an Ayiti yo kite peyi a byen …9 novanm 2026 a 11è51 · NOUVÈLEn créole, Nayib Bukele accuse des Haïtiens de trahir l'héritage de Dessalines en armant et en finançant les…Le président du Salvador, Nayib Bukele, a publié mardi 3 novembre sur le réseau X un long message rédigé en créole haïtien, dans l…4 novanm 2026 a 13è11 · NOUVÈL

← Kounye a

Kòmantè 0

Yon editè li chak kòmantè anvan li parèt. NAGO pa pibliye yon kòmantè li pa li.

  • N ap chaje kòmantè yo…