Fils-Aimé ap pran wout pou Salvadò le 16 ak 17 novanm pou diskite sou avni sòlda yo
Ekri paNAGO News
1 minit lekti
Premye minis Alix Didier Fils-Aimé ap ale Salvadò lendi 16 ak madi 17 novanm 2026 pou l diskite sou avni apeprè 2 000 sòlda salvadoryen ki deplwaye an Ayiti, dapre vis-prezidan salvadoryen an, Félix Ulloa.
« Premye minis lan deja konfime m li pral prezan, epi n ap gen okazyon pou n pale sou avni fòs sa a », se sa Félix Ulloa di. Chèf gouvènman ayisyen an ap patisipe tou nan yon konferans entènasyonal sou eta demokrasi a.
Pa gen konfimasyon pou yon rankont ak Bukele
Yon responsab nan gouvènman salvadoryen an konfime vizit la lendi. Pa gen anyen ki montre si Fils-Aimé ap rankontre prezidan Nayib Bukele dirèkteman.
Yo poko fikse okenn dat pou sòlda salvadoryen yo tounen. Dapre Félix Ulloa, Salvadò pa vle ranplase Fòs Repkrèsyon Gang yo (FRG) ONU ap sipòte a, epi Leta salvadoryen an ap peye tout depans operasyon an.
Deplwaman an anba presyon
Vizit la fèt pandan deplwaman an ap lakòz tansyon. Chaje d afè ameriken an Ayiti mande pou operasyon salvadoryen yo sispann, sa San Salvador konteste, epi Amnesty International mande pou yo pibliye akò ki fikse kad prezans sòlda yo.
Salvadò voye sòlda li yo apre anbiskad 18 oktòb la kont yon veyikil FRG nan Santo, Kwadebouke, kote kat Salvadoryen disparèt.
Article corrigé le 10 novembre 2026.
Videyo
Pou w gade kounye a.



Kòmantè0