Ale nan kontni prensipal la

#NOUVÈL · Kounye a · Lwès

Jakmèl : Lajistis lanse yon pwojè kont twòp moun nan prizon ak detansyon preventiv ki dire lontan

Responsab Lajistis ak patnè yo nan lansman pwojè a.
Responsab Lajistis ak patnè yo nan lansman pwojè a.Photo : Primature d'Haïti
0

Pa Desir Dorcely

1 minit lekti

Ministè Lajistis ak Sekirite piblik (MJSP) lanse lendi 23 novanm Jakmèl yon pwojè pilòt pou diminye twòp moun nan prizon ak detansyon preventiv ki dire twò lontan, Primati a anonse.

Pwojè a, yo rele « Inisyativ mobil pou diminye twòp moun nan prizon ak detansyon preventiv ki dire lontan », dwe akselere tretman dosye ak odisyon moun ki nan prizon depi lontan san jijman, sitou sa yo ki bezwen yon entèvansyon imanitè ijan, nan respè garanti jidisyè yo.

Dapre gouvènman an, 69 prizonye nan jiridiksyon Pòtoprens deja jwenn lòd pou yo lage yo, e yo deja egzekite anviwon karant ladan yo.

Se Pwogram Nasyonzini pou devlopman (PNUD) ki finanse pwojè a, atravè pwogram sipò li pou lajistis (PAJLI), e se Sant analiz ak rechèch sou dwa moun (CARDH) ki egzekite l. Yon komite teknik ki gen ladan l MJSP, Biwo pwoteksyon sitwayen (OPC) ak Konsèy siperyè pouvwa jidisyè a (CSPJ) kowòdone l. Faz pilòt la konsène jiridiksyon Pòtoprens, Jakmèl ak Okay.

Sou menm sijè a

← Kounye a

Kòmantè 0

Yon editè li chak kòmantè anvan li parèt. NAGO pa pibliye yon kòmantè li pa li.

  • N ap chaje kòmantè yo…