Ale dirèkteman nan atik la

#NOUVÈL · An dirèk · Lwès

FRG lanse plizyè operasyon an menm tan nan Site Solèy, Taba ak nan nò Gwo Mòn

Lafimen ap monte sou bilding FRG te vize a nan Site Solèy, 22 novanm 2026.
Lafimen ap monte sou bilding FRG te vize a nan Site Solèy, 22 novanm 2026.Image : capture vidéo FRG · Force de répression des gangs
0

Ekri pa Desir Dorcely

1 minit lekti

Fòs represyon gang yo (FRG) lanse plizyè operasyon an menm tan bonè dimanch 22 novanm nan, nan Site Solèy, nan Taba ak nan nò Gwo Mòn, nan Latibonit, dapre sa fòs la anonse sou kont ofisyèl li.

Nan Site Solèy, sòlda FRG yo te vize yon bilding yo sispèk gang yo te konn sèvi pou kache ak pou sere zam. Yo te fè fas ak rezistans bandi yo: omwen yon manm gang mouri, yon lòt blese, dapre fòs la. Yo sezi yon zam, yon grenad ak yon telefòn, epi yo kraze bilding nan pou gang yo pa retounen ladan l.

FRG pa bay detay sou operasyon ki fèt nan Taba ak nan Latibonit. Li di objektif li se kraze baz gang yo, repran kontwòl katye yo epi pèmèt moun yo sikile lib ankò.

Operasyon sa yo vin apre sa ki te fèt jou ki sot pase yo: FRG enstale yon baz nan nò ayewopò Tousen Louvèti a, sou RN1, epi depi plizyè semèn l ap fè operasyon nan nò Gwo Mòn, sou wout nasyonal nimewo 5.

Plis sou istwa sa a

← Retounen nan fil an dirèk la

Kòmantè 0

An editor reads every comment before it appears. NAGO does not publish a comment it has not read.

  • N ap chaje kòmantè yo…