#SPORT · An dirèk
Lig chanpyon : Melchie Dumornay make, OL Lyonnes bat Juventus 6-0

Ekri paNAGO News
2 minit lekti
Melchie Dumornay make yon gòl mèkredi 11 novanm, lè OL Lyonnes bat Juventus 6-0 lakay Juventus, nan Lig chanpyon fanm yo. Jwè mitan teren ayisyen an make twazyèm gòl Lyon nan 40èm minit, ak yon chout pye goch ki al loje nan kwen anlè kaj la, sou yon pas Tabitha Chawinga. UEFA chwazi l kòm meyè jwè match la.
Dumornay te kòmanse match la, e li jwe tout match la. Li te eseye plizyè lòt fwa tou: yon chout yo bloke nan 4èm minit, yon lòt jis anvan mitan tan an, epi yon chout byen lwen gadyèn Daniëlle de Jong bloke apre inèdtan jwèt.
Senk jwè make
Marie-Antoinette Katoto te louvri mak la nan 31èm minit, yon gòl VAR konfime, epi li make dezyèm nan kat minit apre. Apre poz la, Lily Yohannes (80èm) ak Korbin Shrader (85èm) ajoute de lòt. Nan tan siplemantè a, gadyèn nan bloke penalti Wendie Renard, men Renard make touswit sou aksyon ki vin apre a. VAR te refize yon lòt gòl Katoto nan 52èm minit.
Yon bon sezon
Gòl sa a vin ajoute sou yon bon kòmansman sezon pou Ayisyèn nan. Semèn sa a, yo nonmen l ankò pou twofe UNFP pi bon jwè mwa a nan Premye Lig fransè a.
Videyo
Pou w gade kounye a.
Sous UEFA, résumé de la 4e journée de la Ligue des champions féminine (11 nov. 2026)
ESPN, Juventus 0-6 OL Lyonnes, résumé et déroulé du match (11 nov. 2026)
Photo : LHC88, Wikimedia Commons · CC BY 4.0 (OL Lyonnes-PSG, 27 sept. 2025)
Plis sou istwa sa a
Ballon d’Or féminin 2026 : Melchie Dumornay termine 4e, meilleur classement de sa carrièreL’internationale haïtienne Melchie Dumornay a terminé à la 4e place du Ballon d’Or féminin 2026, dont le classement a été dévoilé …D1 : Real Hope genyen deby Okap la, America ak Juventus genyen touDezyèm jounen seri ouvèti 2026-2027 chanpyona nasyonal D1 la, Lig ayisyen foutbòl (LHF) òganize, te jwe mèkredi 11 novanm. Real Ho…Melchie Dumornay marque à Lens et porte son total à 11 buts en Première LigueMise à jour, 7 novembre 2026 — Melchie Dumornay a encore marqué ce samedi 7 novembre lors de la large victoire de l’OL Lyonnes à L…Ayiti–Etazini : David Badia pale kreyòl ak sipòtè yo lavèy match laLavèy match aller ka final Lig nasyon Concacaf la kont Etazini, seleksyonè David Badia ak atakan Fafà Picault te rankontre laprès,…Cristiano Ronaldo Jr. jwe premye match li ak ekip Pòtigal ki poko gen 17 anCristiano Ronaldo Jr., pi gran pitit gason Cristiano Ronaldo, jwe premye match li ak ekip Pòtigal ki poko gen 17 an, jedi 12 novan…


Kòmantè0