D1 : Real Hope genyen deby Okap la, America ak Juventus genyen tou

Ekri paNAGO News
2 minit lekti
Dezyèm jounen seri ouvèti 2026-2027 chanpyona nasyonal D1 la, Lig ayisyen foutbòl (LHF) òganize, te jwe mèkredi 11 novanm. Real Hope FA genyen deby Okap la kont AS Capoise (1-0), America Okay bat Racing Club Haïtien (2-1), epi Juventus genyen 3-1 lakay Don Bosco.
De match pa t jwe: FICA–Racing FC, paske pa t gen abit, ak Violette AC–Cavaly AS, yo ranvwaye pou yon lòt dat.
Gwoup A
Nan Parc Résigné Milot, Real Hope FA bat AS Capoise 1-0. Angelot Exilus make sèl gòl match la sou penalti, nan 62yèm minit.
Nan Parc Notre-Dame, Ouanaminthe FC ak Tempête FC fè match nil 1-1. Kedjon Colas te ouvri eskò a pou Ouanaminthe nan premye mitan an, epi Guerlens Pierre egalize pou Tempête nan 88yèm minit.
Match FICA–Racing FC la, ki te pwograme nan Parc Saint-Victor, pa t jwe paske abit yo pa t la. LHF poko bay yon lòt dat.
Gwoup B
Nan Parc Land des Gabions, Okay, America bat Racing Club Haïtien 2-1. Ernst Clergé ouvri eskò a nan 28yèm minit, Mackenson Rosier egalize nan 72yèm, epi Mike Mednard bay America viktwa a nan tan siplemantè (90+4).
Nan Parc Sainte-Thérèse Petyonvil, Juventus bat Don Bosco 3-1. Philippeaux Ronaldo make de gòl (2yèm ak 33yèm minit) e Alexis Wesley make nan 12yèm minit. Don Bosco make yon gòl nan dezyèm mitan an sou yon gòl kont pwòp kan.
Match Violette AC–Cavaly AS la toujou ranvwaye, yo poko bay dat.
Klasman an
Apre de jounen, FICA, Racing FC ak Real Hope gen 3 pwen nan gwoup A. Nan gwoup B, America devan ak 4 pwen, apre l gen Violette ak Juventus (3 pwen). FICA, Racing FC, Violette ak Cavaly jwe yon sèl match.
Videyo
Pou w gade kounye a.
Ekri paNAGO News



Kòmantè0