Mondyal fanm 2027 : Jamayik bat Kosta Rika 3-0, li kalifye pou Brezil

Pa NAGO News
1 minit lekti
Jamayik bat Kosta Rika 3-0 vandredi 27 novanm, nan ka final Chanpyona fanm Konkakaf la, e li kalifye pou Koup di mond fanm 2027 la nan Brezil.
Jody Brown louvri mak la nan 16yèm minit. Kiki Van Zanten make dezyèm gòl la nan 59yèm minit, epi Khadija Shaw fèmen 3-0 a nan 65yèm minit, dapre premye enfòmasyon yo.
« Reggae Girlz » yo pral jwe twazyèm Koup di mond youn dèyè lòt, apre Lafrans 2019 ak Ostrali ak Nouvèl Zeland 2023.
Nan tounwa sa a, ekip ki genyen match ka final yo kalifye dirèk pou Mondyal la. Kat ekip ki pèdi yo ap pase nan match baraj, epi nan baraj entèkontinantal FIFA a ki prevwa an fevriye 2027.
Se sa ki an jwèt pou Grenadyè yo, k ap jwe kont Meksik samdi 28 novanm, pou menm plas nan Brezil la. Jamayik ak Ayiti te toulede jwe nan Mondyal 2023 la.
Videyo
Pou gade kounye a.
Sous ESPN, Jamaïque 3-0 Costa Rica, feuille de match (27 novanm 2026)
Telepam (Instagram), « Jamayik kalifye pou mondyal feminen Brezil 2027 la » (27 novanm 2026)
NAGO News, Haïti-Mexique samedi : les 23 Grenadières à un match du Mondial 2027





Kòmantè 0