Ale nan kontni prensipal la

#NOUVÈL · Kounye a · Lwès

MSF pran swen 5 635 sivivan vyolans seksyèl Pòtoprens nan dis mwa

Yon sant MSF Pòtoprens (foto : via Vant Bèf Info)
Yon sant MSF Pòtoprens (foto : via Vant Bèf Info)Photo : via Vant Bèf Info
0

Pa Desir Dorcely

1 minit lekti

Medsen san fwontyè (MSF) pran swen 5 635 sivivan vyolans seksyèl nan sant li yo Pòtoprens ant janvye ak oktòb 2026, dapre yon kominike li pibliye 25 novanm. Pou mwa jiyè sèlman, yo resevwa 804 sivivan, sitou nan lopital MSF Site Solèy ak klinik Pran Men'm.

Òganizasyon an presize chif sa yo pa reprezante tout viktim yo, paske anpil fanm pa ka denonse agresyon yo oswa rive jwenn yon sant swen. Ant janvye ak jiyè, plis pase 70 % sivivan yo rive plis pase 120 èdtan apre agresyon an, sa ki limite aksè yo a kèk tretman ijans. « De nombreuses survivantes n'arrivent pas à accéder à nos structures à temps et en sécurité », Marie-Camille Gauthier Lessard, kowòdonatris pwojè a nan klinik Pran Men'm, esplike.

Dapre MSF, kite kay pa toujou pwoteje fanm yo: gen ladan yo ki rete ekspoze a agresyon kote yo al pran refij. Òganizasyon an mande otorite ayisyen yo ak patnè imanitè yo ranfòse pwoteksyon an, ogmante plas nan abri ki an sekirite epi amelyore aksè a swen.

Sou menm sijè a

← Kounye a

Kòmantè 0

Yon editè li chak kòmantè anvan li parèt. NAGO pa pibliye yon kòmantè li pa li.

  • N ap chaje kòmantè yo…