Nadège Noël Guillaume depoze kandidati l kòm depite Site Solèy

1 minit lekti
Samdi 28 novanm 2026, Nadège Noël Guillaume depoze kandidati l pou l rive depite kominn Site Solèy, anba drapo Pati Vizyon Ayiti (PVD). Li fè l nan Biwo Elektoral Kominal (BEC) SONAPI a, san defile ni rasanbleman.
Twa priyorite li montre
Dapre sa yo rapòte, kandida a di pwojè l baze sou angajman, jistis sosyal ak chanjman kominote l la. Li vle defann lwa ki garanti fi yo yon vrè plas nan sosyete a, san konpwomi sou dwa yo. Li vle ankouraje yo antre tou nan kote yo pran desizyon. Anplis, li vle travay ansanm ak eli lokal yo pou chanje figi Site Solèy pou tout bon.
Plis pase kenz an bò kot popilasyon an
Nadège Noël Guillaume di l angaje bò kot popilasyon Site Solèy la depi plis pase kenz an, sitou nan edikasyon. Li ede timoun jwenn yon bon fòmasyon nan lekòl li a. Li gen entansyon mare eksperyans li genyen sou teren an ak pwojè l kòm palmantè. Li vle fè vwa fi yo tande, epi ranfòse inisyativ lokal yo.
► Mo kle yo
Politik : yon kandida ; yon depite ; yon pati ; kandidati ; yon biwo elektoral ; yon eli lokal
Pwojè a : yon priyorite ; yon angajman ; jistis sosyal ; dwa fi yo ; yon lwa ; yon inisyativ
Lekòl ak kominote : edikasyon ; yon fòmasyon ; yon timoun ; yon kominote ; popilasyon an
Videyo
Pou gade kounye a.
Sous Vant Bèf Info





Kòmantè 0