« Ranson » 1825 la : yon pwopozisyon lwa franse vle evalye lajan pou remèt Ayiti
2 minit lekti
Yon pwopozisyon lwa ki vize sitou « ranson » yo te enpoze Ayiti an 1825 la ap debat nan Asanble nasyonal franse a 3 desanm, Le Nouvelliste rapòte. Se depite ekolojis Steevy Gustave ki pote l, nan « nich » palmantè gwoup Écologiste et social la, e li vle evalye epi mete an aplikasyon yon reparasyon finansye pou teritwa esklavaj la make plis yo, ladan yo Ayiti.
Ayiti se sèl Leta etranje yo nonmen. Atik 2 a kreye yon komite pèsonalite franse ak ayisyen pou evalye lajan Lafrans dwe « au titre de la rançon de cent cinquante millions de francs-or imposée en 1825 » epi etidye jan pou l remèt li « par la France au peuple haïtien ». Travay komite a ta baze sou komisyon miks istoryen fransè-ayisyen Emmanuel Macron te kreye an avril 2025.
Nan ekspoze motif la, depite a raple Charles X te rekonèt endepandans Ayiti sèlman an 1825, anba menas zam, kont 150 milyon fran, e Ayiti te oblije prete nan bank franse pou l peye: sa yo rele « doub dèt » la. Tèks la pran estimasyon New York Times: anviwon 560 milyon dola peye an valè jodi a ak yon pèt kwasans ant 15 ak 21 milya dola. « La question n'est plus de savoir s'il faut réparer ou non, la question est de savoir comment réparer », li konkli.
Atik 1 an kreye yon lòt komite pou evalye domaj trèt ak esklavaj, ki dwe remèt yon rapò piblik nan dizuit mwa. Pa gen asirans pwopozisyon an ap vote.
Videyo
Pou gade kounye a.



Kòmantè 0