Ale nan kontni prensipal la

#NOUVÈL · Kounye a · Lwès

Sètifika polis : PNH pibliye lis kandida ki gen sètifika yo pare nan DCPJ

Anons DGPNH a sou sètifika polis ki pare nan DCPJ, pibliye 26 novanm 2026.
Anons DGPNH a sou sètifika polis ki pare nan DCPJ, pibliye 26 novanm 2026.Document : Police nationale d’Haïti (DIKOP)
0

Pa NAGO News

2 minit lekti

Direksyon jeneral Polis nasyonal Ayiti (DGPNH) pibliye jedi lis kandida pou eleksyon yo ki gen sètifika polis yo pare men ki poko vin chèche l. Kandida sa yo te fè demann yo nan Direksyon santral polis jidisyè a (DCPJ). Sètifika yo ap tann yo nan lokal DCPJ a, nan Klèsin, Taba, dapre yon nòt polis la pataje sou rezo li yo.

Lis la, polis la pibliye l an twa pati sou rezo sosyal li yo, bay non chak moun, pòs li vize a ak dat li te depoze dosye l nan DCPJ.

DGPNH di li bay responsab DCPJ yo enstriksyon pou yo mobilize ekip yo pou akselere tretman demann ki rete yo. Objektif la: pou tout sètifika ki poko pare pou kandida depite, senatè ak prezidan yo disponib anvan samdi 29 novanm 2026.

Dapre polis la, mezi sa yo vle fasilite demach administratif kandida yo epi asire swivi demann yo nan delè ki fikse a.

Sètifika polis la fè pati papye yo mande nan dosye kandidati yo. PNH te ranvwaye dat limit demann yo rive lendi 23 novanm pou kandida prezidan, senatè ak depite, ak lendi 21 desanm pou kandida kolektivite teritoryal yo. Nan kòmansman novanm, regwoupman Solèy te denonse reta nan livrezon papye a.

Sou menm sijè a

← Kounye a

Kòmantè 0

Yon editè li chak kòmantè anvan li parèt. NAGO pa pibliye yon kòmantè li pa li.

  • N ap chaje kòmantè yo…