Ale nan kontni prensipal la

#NOUVÈL · Kounye a · Sid

Sid : lapolis libere twa adolesan yo te kenbe kòm otaj Okay

Twa adolesan lapolis libere nan Sid la. Imaj : PNH ; NAGO twouble figi yo epi retire non yo, paske se minè yo ye.
Twa adolesan lapolis libere nan Sid la. Imaj : PNH ; NAGO twouble figi yo epi retire non yo, paske se minè yo ye.Image : Police nationale d'Haïti (@pnh_officiel)
0

Pa Prisca Macena

1 minit lekti

Polis nasyonal d Ayiti (PNH) libere twa adolesan, ki gen 14, 14 ak 16 an, yo te kenbe kòm otaj nan depatman Sid la, enstitisyon an anonse lendi 23 novanm 2026 la.

Dapre lapolis, yo te kidnape twa jèn fi yo vandredi 13 novanm 2026, selon enfòmasyon lapolis nan depatman Nip la te genyen. Ajan yo libere yo nan lokalite Chapantye, nan komin Okay, kote kidnapè yo te sekestre yo nan yon kay.

PNH pa di si gen moun ki arete, ni kijan entèvansyon an te pase. Li di l ap kontinye ankèt yo pou l mete men sou tout moun ki gen men yo nan dosye sa a.

Nan nòt li a, enstitisyon polis la di li toujou detèmine pou l pwoteje lavi ak byen chak sitwayen.

Sou menm sijè a

← Kounye a

Kòmantè 0

Yon editè li chak kòmantè anvan li parèt. NAGO pa pibliye yon kòmantè li pa li.

  • N ap chaje kòmantè yo…