Ale dirèkteman nan atik la

#NOUVÈL · An dirèk

Minis Jistis Patrick Pélissier vizite CECOT, gwo prizon Salvadò a

Photo
FotoPhoto : Primature de la République d'Haïti · Primature de la République d'Haïti
0

Ekri pa Desir Dorcely

1 minit lekti

Minis Jistis ak Sekirite piblik Ayiti a, Patrick Pélissier, vizite Sant konfinman teworis la (CECOT), nan Salvadò, ansanm ak kòlèg salvadoryen li an, Gustavo Villatoro, minis Sekirite piblik ak Jistis. Primati a anonse vizit la madi 17 novanm.

CECOT se gwo prizon gwo sekirite gouvènman Nayib Bukele a louvri an 2023 pou fèmen manm gang yo. Dapre Primati a, vizit la fèt nan kad yon echanj eksperyans ak kowoperasyon sou estrateji pou goumen kont gang ak krim òganize.

Patrick Pélissier reprezante Ayiti, sou manda Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, nan dezyèm Konferans entènasyonal sou Leta ak Demokrasi a, ki fèt 16 ak 17 novanm nan Salvadò. Rankont lan reyini plis pase 50 peyi sou koze gouvènans, sekirite ak devlopman.

Gouvènman an di li vle egzaminen eksperyans lòt peyi ki ka ede ranfòse Leta a, remete otorite piblik la sou pye l epi tabli sekirite pou de bon. « Devan krim òganize, Leta dwe reprann tout plas li. Sekirite sitwayen yo, otorite enstitisyon yo ak defans Repiblik la pa negosyab », kominike a di.

Menm jou a, nan Pòtoprens, Konsèy minis yo valide akò kowoperasyon ant Ayiti ak Salvadò, men kontni l poko fèt piblik.

Article corrigé le 18 novembre 2026.

Plis sou istwa sa a

← Retounen nan fil an dirèk la

Kòmantè 0

An editor reads every comment before it appears. NAGO does not publish a comment it has not read.

  • N ap chaje kòmantè yo…