Lejislativ : Mèt Lucnas Étienne, kandida Dèlma pou DEBLOKE, mize sou jenès la

1 minit lekti
Mèt Lucnas Étienne, ansyen sibstiti komisè gouvènman nan tribinal premye enstans Pòtoprens, depoze lendi 23 novanm dosye kandidati li pou depite nan sikonskripsyon Dèlma, anba banyè regwoupman DEBLOKE (nimewo 15), Vant Bèf Info rapòte. Se li ki prezidan pati Zansèt Ayiti.
Kandida a prezante yon pwogram ki gen kat priyorite. Jenès la nan sant li: li vle mize sou fòmasyon pwofesyonèl, kreyasyon travay ak entegrasyon ekonomik jèn yo.
Li pwopoze tou yon kad legal pou kontwole mòg ak antrepriz finèb yo, ak nòm sou ijyèn, sekirite piblik, respè diyite moun ak fanmi ki an dèy.
CEP a poko pibliye lis kandidati ki valide yo.
Videyo
Pou gade kounye a.
Sou menm sijè a
Eleksyon : DEBLOKE mande CEP rete sou lwa elektoral la devan apèl pou kandida ki sanksyone yo retire kò yoGwoupman politik DEBLOKE reponn kat òganizasyon sektè prive ki te envite kandida ki sou sanksyon entènasyonal yo, mèkredi 25 novan…Shaheen ak Meeks site non Martelly : DEBLOKE mande « fè ki presi e ki ka verifye »Gwoupman politik DEBLOKE reyaji sou lèt senatè Jeanne Shaheen ak reprezantan Gregory Meeks kote yo site non ansyen prezidan Michel…Sekirite : Japon ak PNUD remèt PNH antèn polis Siloe a ki fin repareGouvènman Japon ak Pwogram Nasyonzini pou devlopman (PNUD) remèt Polis nasyonal d Ayiti (PNH) antèn polis Siloe a ofisyèlman mèkre…Sanksyon : Michel Martelly mande Marco Rubio yon « echanj dirèk » pou l bay vèsyon pa lAnsyen prezidan Michel Martelly ekri sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, pou l mande l yon rankont prive. Nan lèt sa a ki date …Sètifika polis : PNH pibliye lis kandida ki gen sètifika yo pare nan DCPJDireksyon jeneral Polis nasyonal Ayiti (DGPNH) pibliye jedi lis kandida pou eleksyon yo ki gen sètifika polis yo pare men ki poko …Dominique Dupuy nan tap-tap : kandida a laprezidans lan pibliye yon videyo kont vyolans sou fanmAnsyen minis Afè etranjè Dominique Dupuy, ki kandida a laprezidans, pibliye mèkredi 25 novanm sou Instagram yon videyo kote yo wè …



Kòmantè 0