Ale nan kontni prensipal la

#ESPÒ · Kounye a · Etazini

Lu Dort bay Kayla Grey yon ti leson kreyòl nan yon restoran ayisyen Atlanta

Lu Dort nan Zeke’s Kitchen and Bar, nan zòn Atlanta, nan epizòd 2 « Prime Timeout Canada » (novanm 2026).
Lu Dort nan Zeke’s Kitchen and Bar, nan zòn Atlanta, nan epizòd 2 « Prime Timeout Canada » (novanm 2026).Image : Sports on Prime Canada (Instagram)
0

Pa NAGO News

3 minit lekti

Basketè kanadyen-ayisyen Luguentz Dort fè yon manje midi tounen yon klas lang. Nan yon videyo kont ofisyèl Prime Video Canada pou espò a pibliye 22 novanm, animatris kanadyèn Kayla Grey ap eseye swiv yon konvèsasyon an kreyòl ant jwè Atlanta Hawks la ak chèf restoran an.

Sa pase nan fen manje a. Yo montre l kijan pou l di « bon bagay », videyo a ekri « Good stuff » anba a, e li repete l byen. Lè Dort ak chèf la rekòmanse pale kreyòl, animatris la di an riyan: « There they go again! », epi li mande « soutit ». Li kwè yo t ap pale franse; yo korije l touswit: « Creole! Creole! Creole. »

Moso sa a soti nan dezyèm epizòd « Prime Timeout Canada », ki te sòti 19 novanm sou chèn YouTube Prime Video Canada. Dort mennen Kayla Grey nan Zeke’s Kitchen and Bar, yon restoran ayisyen nan zòn Atlanta, chèf ayisyen-ameriken Ezechiel « Zeke » Jean-Louis ap dirije. Sou tab la: griyo, diri kole, bannann peze, pikliz ak sòs poul.

« Chak fwa m an deplasman, m toujou ap chèche yon restoran ayisyen. Sa fè m sonje fanmi m, rasin mwen », jwè a esplike nan epizòd la. Plat li pi renmen se griyo, « premye bagay manman m kwit pou mwen » chak fwa l tounen lakay. Kayla Grey menm di li pa t janm goute manje ayisyen anvan jou sa a.

Lu Dort fèt Monreyal, paran l soti Sen Mak; li grandi Monreyal-Nò, kote li t ap pale kreyòl lakay li. « Monreyal se vil moun yo pa konte yo », li di nan emisyon an. Apre Arizona State, li te antre Oklahoma City san yo pa t chwazi l nan draft 2019, li jwe sèt sezon la, li genyen tit NBA 2025, ane li te nan pi bon senk defansif lig la tou.

Yo te twoke l bay Atlanta Hawks 19 jiyè 2026, nan yon tranzaksyon ant twa ekip ak Dallas, kidonk li ap dekouvri yon lòt vil sezon sa a. « M pa t janm panse m t ap vin chanpyon », li di lè l ap pale de chemen li fè depi li te gen 16 an. Li jwe pou ekip Kanada, e li te nan ekip la pou Je olenpik Pari 2024 yo.

Sou menm sijè a

← Kounye a

Kòmantè 0

Yon editè li chak kòmantè anvan li parèt. NAGO pa pibliye yon kòmantè li pa li.

  • N ap chaje kòmantè yo…