Ti jwè Ayiti 14 an ak mwens fè match kont Olympique Liévin an Frans

Ekri pa Carmelle Valmont
1 minit lekti
Seleksyon nasyonal Ayiti pou jwè ki gen 14 an ak mwens kòmanse vwayaj preparasyon li nan zòn Lens, an Frans. Li jwe yon match amikal kont Olympique Liévin. Match sa a te fèt madi 24 novanm a 16 è 30 (lè Lafrans), sa vle di 10 zè 30 an Ayiti.
Jenn Grenadye yo kontinye ap fòme yo nan nivo entènasyonal. Yo fèk genyen CFU Challenge Series 2026. Vwayaj sa a an Ewòp la pou montre jenn jwè yo plizyè fason moun jwe foutbòl an Ewòp. Konsa, yo ka avanse pou yo rive nan nivo pwofesyonèl. Federasyon ayisyen foutbòl la (FHF) vle ede jenn jwè sa yo grandi. Li ba yo chans jwe kont lòt ekip ki fòme jwè yo yon lòt jan.
Antrenè seleksyon an se Jean Marc Alexandre, e Charles Hérold Junior ap ede l. Ekip la gen twa lòt match ankò pandan preparasyon sa a. Jwè Ayiti 14 an ak mwens yo ap fè fas ak jenn jwè Zulte Waregem mèkredi 25 novanm. Apre sa, y ap rankontre jwè 14 an ak mwens RC Lens jedi 26 novanm. Answit, y ap jwe kont ES Lambres lendi 30 novanm.
► Mo kle yo
Foutbòl : yon match amikal ; yon seleksyon nasyonal ; yon ekip ; yon jwè ; yon antrenè ; Federasyon ayisyen foutbòl la (FHF)
Preparasyon : yon vwayaj ; fòme jwè ; yon nivo pwofesyonèl ; genyen ; rankontre ; fè fas ak
Videyo
Pou w gade kounye a.
Sous Rezo Nòdwès



Kòmantè 0