Deplase : ATREPA ap jere 40 sit e li ede anviwon 14 000 moun an 2026

1 minit lekti
Atelier de Travaux de Recherches Économiques pour mieux Préparer l'Avenir (ATREPA), yon òganizasyon ayisyen, ap jere 40 sit moun ki deplase anndan peyi a (PDI) nan depatman Lwès ak Sant. An 2026, entèvansyon li yo touche anviwon 14 000 moun, dapre enfòmasyon jounal Le National pibliye 26 novanm.
Sèvis li yo ale soti nan lojman pou rive nan pwoteksyon, dlo, sanitasyon, sekirite alimantè ak edikasyon.
Vyolans gwoup ame yo, sitou nan zòn metwopolitèn Pòtoprens ak kèk zòn nan Sant ak Latibonit, ap kontinye fòse fanmi kite kay yo. Dapre Òganizasyon entènasyonal pou migrasyon (OIM), plis pase 1,4 milyon moun oblije kite kay yo depi 2023, e anviwon 250 000 ladan yo ap viv jodi a nan sit deplase.
Videyo
Pou gade kounye a.
Sou menm sijè a
MSF pran swen 5 635 sivivan vyolans seksyèl Pòtoprens nan dis mwaMedsen san fwontyè (MSF) pran swen 5 635 sivivan vyolans seksyèl nan sant li yo Pòtoprens ant janvye ak oktòb 2026, dapre yon komi…Lejislativ : Mèt Lucnas Étienne, kandida Dèlma pou DEBLOKE, mize sou jenès laMèt Lucnas Étienne, ansyen sibstiti komisè gouvènman nan tribinal premye enstans Pòtoprens, depoze lendi 23 novanm dosye kandidati…« Ranson » 1825 la : yon pwopozisyon lwa franse vle evalye lajan pou remèt AyitiYon pwopozisyon lwa ki vize sitou « ranson » yo te enpoze Ayiti an 1825 la ap debat nan Asanble nasyonal franse a 3 desanm, Le Nou…Pastè Malory Laurent konseye pa fè « operasyon Nepal » la epi l mande yon nouvo tranzisyonPastè Malory Laurent, nan Salvation Church of God Brooklyn, konseye moun pa fè « operasyon Nepal » yo anonse pou 5 desanm ann Ayit…DG a.i. PNH la prezante kondoleyans bay sòlda salvadoryen yo apre twa militè mouriDirektè jeneral a.i. Polis nasyonal d Ayiti (PNH), André Jonas Vladimir Paraison, fè yon vizit senpati madi 24 novanm bay sòlda sa…Ekonomi : sòl, yon solisyon pou moun ki pa gen aksè a bank ann AyitiPaske li difisil pou jwenn kredi nan bank, sòl yo kontinye jwe yon gwo wòl nan lavi ekonomik Ayisyen, jounal Le National souliye n…



Kòmantè 0